|
Avi sa a
dekri ki gen yo pral sevi ak bay enfomasyon sante sou ou menm ak
pitit ou (refere apati de kounya a kouwè "ou",
"'w" osinon "pitit ou") è ki gen ou gen
dwa jwen enfomasyon si la. Tanpri li si la ak anpil atensyon.
Si
ou ta gen oken keksyon sou Avi si la, tanpri kontake Oficye Konfidensyalite
an.
Tanpri
vizite paj nou an nan intenet lan nan www.mch.com
pou plis enfomasyon.
Devoumen pa nou pou nou kimbe enformasyon ou prive
Nou konpren
ke enfomasyon sou ou ak sante ou se yon bagay trè pesonel
è nou devwe pou nou pwoteje enfomasyon si la è ke
li ret prive. Chak fwa ke ou vizite yon fasilite Miami Children's
Hospital nou kreyè yon dosyè swen ak sevis ke ou resevwa.
Dosyè sa li nesesè pou ke nou ka ba ou bon kalite
swen è pou asire ke nap respekte setin regleman legal. Avi
si la aplike a tout dosyè swen ou ke yo kreyè nan
nimpòt ki fasilite nan Miami Children's Hospital ki nan list
swivan an, ke li fèt pa pesonel swen sante osinon doktè'w.
Miami Children's
Hospital
Dan Marino Center
Miami Children's Hospital - South Dade Center
Miami Children's Hospital - Miami Lakes Rehabilitation Center MCH
Research Institute, Inc.
Children's Health Services, Inc.
MCH Pediatric Cardiology, LLC
MCH-Physician Hospital Organization, Inc.
En plis de sa,
Miami Children's Hospital, menmb kontrakte endependan Anplwayè
Medikal yo, ak lòt founisè swen sante ki afilyè
ak Miami Children's Hospital vin dakò, ki pemet pa la lwa,
pou yo pataje enfomasyon sante'w ant yo menm pou rezon tretman,
pèyman osinon operasyon swen sante. Sa a pral pemet nou adrese
swen sante'w miyo.
Avis si la pral
eksplike fason ke nou ka sevi ak bay enfomasyon medikal ou an. Nou
rezeve dwa pou chanje tèm de Avi si la nimpòt ki lè.
Nimpòt revisyon nan Avi si la pral aplike a tout enfomasyon
medikal ke nou gentan genyen sou ou, kouwè tout enfomasyon
medikal ke nou gen dwa resevwa sou ou, kreyè, osinon kenbe
nan le futu. Nou pral afiche yon kopi de Avi nou an, ki plis kouran
an, nan lokalite ki plis vizib nan chak fasilite nou yo, è
li pral afiche nan paj nou an nan intenet la nan www.mch.com.
Yon kopi Avi si la, ki plis kouran an, prale tou nan zon kote yo
enregistre nan chak fasilite
Fason ke nou ka sevi ak pataje enfomasyon sante sou ou
Kategori swivan
yo dekri diferen fason ke nou ka sevi ak enfomasyon medikal ou nan
Miami Children's Hospital ak pataje enfomasyon medikal ou ak moun
è lòt konpagni ki pa afilyè ak Miami Children's
Hospital. Chak deskripsyon se de yon kategori ke nou ka sevi osinon
pataje. Nou pa mete tout fason ke nou ka sevi avek yo osinon pataje
li nan
Final Awouve le 02/12/02
tout kategori
yo, mè tout fason nou ka sevi ak pataje enfomasyon si la
pral rentre nan yon de kategori swivan yo.
Tretman
- Nou gen dwa sevi ak enfomasyon sante ou pou ke nou ka ba ou tretmen
ak sevis medikal. Nou ka pataje enfomasyon sante ou a doktè
enfimyè, teknicyen, etidyan medikal, inten, osinon lòt
moun ki ap pren swen de ou menm pendan vizit ou an ak nou.
Peyman -
Nou gen dwa sevi ak pataje enfomasyon sante ou pou ke nou ka voye
bodwo ak resevwa peyman de ou menm, konpagni asirans, osinon pa
yon twasyem pati pou retman ak sevis ke ouap resevwa nan Miami Children's
Hospital. Sa a gen swa inkli pataj de enfomasyon sante pou nou ka
jwen otorizasyon anvan ke nou bay tretman ak pwosedu de konpagni
asirans ou an.
Operasyon
Swen Sante - Nou gen swa sevi ak pataje enfomatyon sante ou
pou operasyon swen sante, ki inkli aktivite asirans de bonn kalite;
bay enplwaye medikal kredi a doktè a; aktivite administrasyon,
ki enkli developman plan finans ak developman Miami Children's Hospital;
aktivite sevuskliyan, inkli enket plennt; è cetin aktivite
reche mache a è fason pou rentre lajen, etc. Usaj ak pataj
sa yo nesesè pou ke Miami Children's Hospital ka asire tout
pasyan nou yo resevwa meye swen ki genyen an.
Memo pou
fè'w sonje Rendevou'w - Nou gen dwa sevi ak enfomasyon
sante ou pou kontakte'w pou fè'w sonje ke ou gen yon rendevou
pou tretman osinon swen medikal nan Miami Children's Hospital.
Pwodwi osinon
Sevis Sante - Nou gen dwa rentre en kontak ak ou de nimpòt
ki pwodwi ak sevis sante ki gen dwa interese'w.
Aktivite
Rentre Lajen - Nou gen dwa sevi è/osinon pataje enfomasyon
limite sou ou è dat ke ou recevwa tretman osinon sevis nan
Miami Children's Hospital nan efo pou nou jwen fon pou sipote Miami
Children's Hospital. Si ou pata vle ke nou rentre en kontakt avek
ou pou rezon aktivite jwen fon fok ou rentre en kontak ak Oficye
Konfidensyalite pa ekri.
Rechech ki
pa gen Anyen pou Wè ak Tretman'w - Lè yon etid
rechech pa gen anyen pou wè ak tretman, nou gen dwa pataje
enfomasyon sante'w a moun kap fè rechech lan lè yon
Institi Biwo Revisyon revize pwoposisyon rechech lan, etabli pwotokol
nesesè pou ke yo ka asire ke enfomasyon sante'w ret prive,
è ke yo apwove rechech lan.
Boten Enfomasyon
- Miami Children's Hospital gen yon "boten" enfomasyon
siy pasyan ki entennin lopital lan a nimpòt ki moun ki mande
pou yon pasyan pa non li. Boten enfomasyon an gen dwa inkli kat
bagay: 1) non pasyan an, 2) nimewo chamb li. 3) kondisyon general
(serye, mwayen, bon, etc."), è 4) valab a pret selman,
afiliasyon religyè. Boten enfomasyon an pemet vizitè
yo pou jwen chamb ou and moun ki fè bouke flè delivre
flè yo pou ou. Yo pral mande'w si ou dako pou ou pataje enfomasyon
si la chak fwa ke ou vin nan fasilite Miami Children's Hospital.
Ou gen dwa refize pataje enfomasyon si la osinon pataje yon pati
de enfomassyon si la pou rezon si la. Si ou ta refize
pou pataje tout enfomasyon'w lan, nou pap kab bay fanmi'w ak zanmi'w
nimewo chamb ou an lè ou nan lopital lan osinon ke ou nan
lopital lan.
Moun kap
okipe swen sante'w osinon peyman swen sante'w - Nou gen dwa
pataje enfomasyon sante'w a yon zanmi osinon fanmi kap okipe swen
sante'w, sof si ou ta di nou pa bay enfomasyon si la an avans. An
plis de sa, nou gen dwa pataje enfomasyon sante'w a nimpòt
ki konpagni osinon moun kap èdè nan yon efo katastwòf
9KOUWè Kwa Rouj) pou ke fanmi'w ka konnin nan ki kondisyon
ke ou ye, stati, ak ki bo ou ye.
Situasyon espesyal ki pa ekzije otorizasyonw
La lwa pemet
nou pataje enfomasyon swivant yo sou sante'w san ke nou pa beswin
pemisyon vebal ou osinon a lekri.
Donasyon
Organ ak Tisu'w - Si ou inskri pou fè donasyon organ
ou, nou gen dwa pataje enfomasyon sante'w a des oganizasyon ki okipe
jwen organ osinon organ, zyè osinon gref tisu, osinon yon
bank ki kanbe donasyon organ, gen li ta necesè, pou li ta
fasilite donasyon organ ak gref tisu.
Militè
ak Veteran - Si ou se yon memb de Fos Ame, nou gen dwa bay enfomasyon
sante'w kouwè li eksije pa otorite militè yo.
Kompensayon
Travayè - Nou gen dwa bay enfomasyon sou sante'w pou
kompemsasyon travayè osinon si ou ta nan yon lòt pwogram
ki parey ak li si ou ta blese nan travayè ou. Pwogram sa
yo bay benefis pou blesyu ki rive pandan ke ouap travay.
Evite yon
Menas Seryè a Sante osinon Sekirite - Nou gen dwa sevi
ak/osinon pataje enfomasyon sou sante'w lè li nesesè
pou evite yon menas a sante'w osinon sekirite'w è sante ak
sekirite de yon lòt moun osinon piblik lan. Yap bay enfomasyon
si la selman a yon moun ki kapab anpeche menas si la.
Aktivite
Sante Piblik Nou gent dwa pataje enfomasyon sou sante'w pou
aktivite sante piblik. Generalman sa yo inkli swivant yo:
- Pou evite
osinon kontwole maladi, blesu osinon disabiliti.
- Fe rapo de
nesans ak lenmo.
- Fè
rapo abi kont timoun osinon neglijans timoun.
- Fè
rapo nan reaksyon a medikaman, pwoblem ak pwodwit osinon lòt
evenman adves.
- Pou notifyè
moun su gen yon rapel a pwodwit ke yap sevi.
- Pou notifyè
yon moun ki te gen dwa ekspoze a yon maladi osinon ki gen risk
pou vin gen osinon pase yon maladi osinon yon kondisyon a lòt
moun.
- Pou notifyè
depatman gouvenman ki apwopyè an si nou ta kouwè
ke yon pasyan te viktim de abi (inkli abi timoun), neglijans osinon
violans domestik. Nou selman pataje sila si ou ta dako osinon
lè la lwa ekzije li osinon mande'l.
Aktivite
Swen Obligatwa Nou gen dwa pataje enfomasyon sante a yon ajans
sante obligatwa pou aktivite ki otorize pa la lwa. Aktivite obligatwa
sa yo inkli odit, envestigasyon, enspeksyon ak lisens. Aktivite
sa yo nesesè pou ke gouvenman an ka kontwole system sante
an, pwogram gouvenman and ke yo respekte lwa sivil yo.
Pwosè
ak Disput - Si ou ta nan yon pwosè osinon yon disput,
nou gen dwa pataje enfomasyon sante'w si tribinal osinon yon administrasyon
ta pase nou lòd pou nou ta bay enfomasyon si la. Nou gen
dwa pataje enfomasyon sante'w nan repond a yon manda pou komparet
pou bay enfomasyon, en repons a dekouvèt osinon nimpòt
ki lòt pwosè legal pa yon lòt moun ki nan disput
lan.
Ofisyè
la Lwa - Nou gen dwa pataje enfomasyon sante'w si yon oficyè
la lwa ta mande nou li pou rezon swivan yo:
- Repond a
yon lòd tribinal, rele-nan-tribinal, manda, manda pou parèt
osinon nimpòt ki bagay konsa.
- Pou idenfiyè
jwen yon moun ke yo ta sispek, yon moun ki hor la lwa, temwin
mateyèl osinon yon moun ki disparèt.
- Enfomasyon
sou yon viktim si, sou setin sikonstans, nou paka jwen akò
moun lan.
- Sou yon lenmo
si nou kouwè ke se ta en rezilta de yon zak krim.
- Sou yon kondwit
kriminel nan fasilite nou an.
- Nan sikonstans
ijans pou fè rapo yon krim, kote krim lan fèt osinon
viktim yo, osinon identite, deskripsyon osinon ki bo moun ki komèt
krim lan yè.
Koronè,
Envistigatè Medikal (Doktè mog) ak Direktè
Palwa Finèb - Nou gen dwa pataje enfomasyon sante'w ak
koronè ak envestigatè medikal (doktè mog).
Sa a gen dwa nesesè pou identifyè yon moun ki mouri
osinon jwenn rezon ke yon moun mouri. Nou gen dwa bay tou enfomasyon
sante sou pasyan ki nan fasilite nou a yon direktè palwa
finèb jen li ta nesesè pou ke yo ka fè travay
yo.
Sekirite
Nasyonal ak Aktivite Entelijans - Nou gen dwa bay enfomasyon
sante'w a ofisyè federal otorize pou entelijans, kontentilijans
ak lòt aktivite sekirite nasyonal ki otorize pa la lwa.
Prizonyè
- Si ou se yon prizonyè de yon institu koreksyon osinon ou
sou kontwol de yon oficyè la lwa, nou gen dwa pataje enfomasyon
sante'w a institi koreksyon an osinon oficyè la lwa a. sa
a nesesè pou ke inititi koreksyon an ka ba ou swen sante,
pou pwoteje sante'w ak sekirite'w ak sante ak sekirite lòt
moun, osinon pou serte ak sekirite institi koreksyon an.
Regleman
Legal - Nap pataje enfomasyon sante'w san pemisyon'w lè
la lwa federal, eta osinon lokal eksijè ke nou fè'l.
Ak otorizasyon paw a lekri
Lòt isaj
ak pataj de enfomasyon sante ki pa kouvri nan Avi si la osinon pa
la lwa ki aplike a nou menm fòk nou gen pemisyon'w pa ekri
(ki rele "otorizasyon"). Si ou ta otorize nou sevi ak
pataje enfomasyon sante'w, ou gen dwa ekri nou pou ke ou revoke
otorizasyon si la nimpòt ki lè. Si ou ta revoke otorizasyon
si la, nou pap janm ka sevi osinon pataje enfomasyon sante'w pou
rezon ki te mensyonnin nan otorizasyon ke ou te genyen an. Fòk
ou konpren ke nou pap ka repren nimpòt enfomasyon sante'w
ke nou te gentan pataje ak pemisyon'w, è ke nou oblije kenbe
tout dosyè de swen ke nou te ba ou an.
Dwaw sou enfomasyon santew
Malgre ke dosyè
sante'w se pwopriyete fisik de fasilite Miami Children's Hospital
ki te kreyè dosyè a, enfomasyon ki ladan'l se pou
ou. Ou gen setin dwa en respe a enfomasyon'w gen li dekri pli ba
a. Si ou ta renmin eksese dwa ou yo, ou gen dwa renpli des fòm
ki deja enprime ki nan biwo enregistreman an osinon ou gen dwa ekri
direkteman nan:
Miami Children's Hospital
Health Information Management Department
Attention: Director
3100 S.W. 62nd Avenue
Miami, Florida, 33155-3009
- Dwa pou
mande yon restriksyon sou setin usaj ak pataj de enfomasyon'w,
Ou gen dwa mande yon restriksyon osinon limitasyon sou enfomasyon
medikal ou ke nou sevi è/osinon pataje sou ou pou tretman,
payman osinon operasyon swen sante. En plis de sa, ou gen dwa
mande ke nou limite enfomasyon ke nou pataje sou ou a a yon moun
ki ap okipe swen'w osinon payman pou swen'w. pa eksamp, ou gen
dwa mande ke nou essayè pa pataje enfomasyon sou yon operasyon
ou te genyen osinon yon tretman ke ou te swiv.
Nou
pa oblije dako ak sa ou mande an. Mè, si nou ta dako, nap
renpli tout fomalite yo depwi ke enfomasyon an pa nesesè
pou ba ou swen ijans.
Fòk
rekiszisyon'w lan a lekri, kouwè li dekri enlè a,
è fòk li gen yon deskripsyon de enfomasyon ke ou
ta renmin ki limite an, si ou ta renmin limite usaj, pataj osinon
tou dè, è a ki moun ou ta renmin ke limitasyon sa
yo ta aplike.
- Dwa pou
mande komunikasyon kondifencyel - Ou gen dwa pou ou mande
ke nou komunike ak ou sou matyè medikal nan yon setin fason
ou nan yon setin lokal. Pa eksamp, ou gen dwa mande ke nou limite
komunikasyon nou ak ou pou kontakte lakay ou osinon nan travay.
Fok
ou fè rekizisyon sa a lekri, gen nou eksplike anlè
a, è fok ou spesifyè manyè ke osinon nan
lokal ou vlè ke yo kontakte'w. Nap akomode tout rekizisyon
ki rezonab.
- Dwa pou
inspekte è/osinon mande yon kopi de dosyè medikal
ou. Ou gen dwa mande pou ou inspekte è/osinon recevwa
kopi de nimpòt ki enfomasyon medikal ki gen sou ou ke yo
gen dwa sevi pou fè desisyon sou swen ou. Nomalman, sa
a pral inkli dosyè medikal ak payman'w mè ki pa
inkli nòt psykoterapi.
Pou
ke ou ka inspekte è/osinon recevwa yon kopi de enfomasyon
medikal ou, fok ou remet rekizisyon'w, a lekri a Miami Children's
Hospital Health Information Department (Depatman Enfonasyon Sante
de Miami Children's Hospital) nan adres ke nou bay enlè
a. Nou gen dwa chaje yon frè rezonab pou sevis sa ki baze
sou frè pou fè sa a.
Nan
sikonstans limite, nou gen dwa nye rekizisyon ou an pou enspekte
è/osinon recevwa yon kopi de enfomasyon'w lan. Mè,
si yo ta nyè reqizisyon'w lan, nan setin ka ou gen dwa
mande ke yo revize pou ki yo nyè li. Se yon pwofesyonel
swen sante independan ki pral fè revisyon an ke Officyè
Prive an chwazi. Nou pral fè sa rezilta a di pou nou fè
aprè revisyon an.
- Dwa pou
mande pou yon amandman a dosyè medikal ou. Si ou ta
kouwè ke enfomasyon ke nou genyen an sou ou pa jis osinon
li inkomplè, ou gen dwa mande ke nou ranje enfomasyon an.
Pou ke ou mande yon amendman, fòk ou fè yon demand
a lekri, jan nou eksplike anlè a, endikan enfomasyon eksakt
ke ou ta renmin nou ranje a è bay rezon kap sipote demand
si la. Si ou pata bay demand sa a lekri osinon bay rezon kap sipote
chanjman si la li pli fò ke posib ke yap nyè demand
ou an.
Nou
gen dwa nyè demand ou an si ou ta mande nou fè yon
amandman enfomasyon ki:
- Jist ak korekt.
- Ki pa fè pati de enfomasyon ke yap pamèt ou
inspekte osinon recevwa yon kopi.
- Ki pa fè pati de enfomasyon medikal ke Miami Children's
Hospital kanbe.
- Ke se pa nou menm ki te kreyè'l, sòf si individi
osinon organizasyon ki te kreyè enfomasyon si la pa
la pou ta fè amandman si la.
- Dwa pou
genyen yon kont de tout kote yo pataje enfomasyon sante'w
- Ou gen dwa mande yon yon kont de tout kote yo pataje enfomasyon'w,
ki se yon list de cetin kote yo pataje enfomasyon medikal ke Miami
Children's Hospital fè a pa de sa yo te gen dwa pataje
ke la lwa pemèt osinon ke yo eksije osinon ke ou menm ou
te otorize. Fok ou fè demand pou kont si la pa ekri jen
nou dekri enlè a. Demand ou an fèt pou inkli peyod
ten pou ke wap mande kont la, ki pa fèt pou plis ke sis
en è li pa fèt pou inkli dat enven le 14 avril,
2003. Nou gen dwa mande yon frè pou sa gen la lwa pemèt
lan.
- Dwa pou
gen yon kopi de Avi Obsevasyon Enfomasyon de sou demand. Nap
afiche yon kopi de Avi ki plis okouran nan fasilite nou, è
li pral afiche nan paj intenet nan www.mch.com.
Yon kopi de Avi ki plis okouran anki en efè pral valab
nan kote ou enregistre an de chak fasilite.
Plent osinon sa ki konsenninw
Ou gen dwa kontakte
Ofisyè Konfidensyalite an si ou ta gen okenn keksyon sou
Avi konfidensyalite si la osinon sou dwa konfidensyalite ou. Fòk
ou kontakte Oficyè Konfidensylite a si ou ta gen yon plent
osinon gen yon bagay ki konsennin'w ke yo ta vyole dwa'w.
Miami Children's
Hospital Privacy Officer
3100 S.W. 62nd Avenue
Miami, Florida 33155-8803
Telefonn: 1-500-521-8803
Ou gen dwa ekri
tou a Sekretè Sevis Sante ak Humen (Secretary of Health and
Human Services).
|